1 Men konprann sa, ke 3:1 I Tim 4:1nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo 3:2 Luc 16:14renmen lajan, 3:2 Wo 1:30ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 3:3 Wo 1:31san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan 3:3 I Tim 3:11san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm 3:5 I Tim 3:6sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo. 6 Paske pami yo menm, gen moun ki 3:6 Jd 1:4antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa 3:6 Tit 3:3move lanvi de tout kalite, 7 k ap toujou aprann e ki pa janm 3:7 II Tim 2:25rive a konesans verite a.
8 Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; 3:8 I Tim 6:5lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
9 Men yo p ap fè plis pwogrè, paske 3:9 Luc 6:11foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
10 Alò, ou te 3:10 I Tim 4:6swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans 3:10 I Tim 6:11lanmou, pèseverans 11 3:11 II Kor 11:23-27pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. 3:11 Wo 15:31A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus 3:12 Jn 15:20va pèsekite.
13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal 3:13 Tit 3:3nan twonpe moun ak vin twonpe.
14 Sepandan, ou menm 3:14 Tit 1:13kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen 3:15 Jn 5:47Lekriti sakre yo, ki kapab 3:15 Sòm 119:98bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 3:16 Wo 4:23 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen 3:17 II Tim 2:21prepare pou tout bon zèv.