1 Answit, yo te ban mwen yon 11:1 Éz 40:3—42:20gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: "Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo. 2 Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske 11:2 Luc 21:24li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va 11:2 Dan 7:25foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.
3 "Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk 11:3 Jen 37:34twal sak." 4 Sa yo se 11:4 Za 4:3,11,14de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a. 5 Si yon moun vle fè yo mal, 11:5 II Wa 1:10-12dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a. 6 Sa yo gen pouvwa pou 11:6 I Wa 17:1fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle. 7 Lè yo fini temwayaj yo, 11:7 Rev 13:1bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo. 8 Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele 11:8 És 1:9,10Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
9 Sila ki soti nan 11:9 Rev 5:9pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo. 10 11:10 Rev 3:10Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
11 Men apre twa jou edmi yo, 11:11 Éz 37:5,9,10,14souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo. 12 Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: 11:12 Rev 4:1"Vin monte isit la." Konsa yo te 11:12 II Wa 2:11monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
13 Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
14 Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.
15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: "Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. 11:15 Egz 15:18Li va renye pou tout tan e pou tout tan!"
16 Venn-kat ansyen yo, ki 11:16 Mat 19:28chita sou twòn pa yo devan Bondye, te 11:16 Rev 4:10tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: "Nou ba Ou remèsiman, 11:17 Rev 1:8O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse 11:17 Rev 19:6renye.
18 11:18 Sòm 2:1 "Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo."
19 11:19 Rev 15:5 Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e 11:19 Eb 9:4lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.