Pular para o conteúdo
Publicidade

Revelasyon 18

1 Apre bagay sa yo, mwen te yon lòt 18:1 Rev 17:1,7zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e a te byen klere avèk glwa li. 2 Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: 18:2 És 21:9"Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite 18:2 Rev 16:3lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab. 3 Paske tout nasyon yo te bwè 18:3 Jr 51:7diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo."

4 Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: 18:4 És 52:11"Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo. 5 Paske peche li yo 18:5 Jr 51:9anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye 18:5 Rev 16:19sonje tout inikite li yo. 6 18:6 Sòm 137:8Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te melanj lan, melanj lan otan de fwa pou li. 7 Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan li: 18:7 És 47:7"Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm doulè." 8 Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va 18:8 Rev 17:16brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, 18:8 Rev 11:17pwisan.

9 "Epi 18:9 Rev 17:2wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li yo lafimen monte pandan l ap brile a. 10 18:10 Rev 18:15,17Y ap kanpe a yon distans akoz de a toumant li an, e y ap di:" 18:10 Rev 18:16,19Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.

11 "Konsa, machann latè yo kriye e lamante sou li paske pèsòn pa achte machandiz yo ankò. 12 Machandiz , ajan, pyè presye, pèl, ak lèn fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, , ak wòch mab. 13 Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak 18:13 I Kwo 5:21lavi moun.

14 "Fwi nou anvi yo disparèt, tout bagay ki te swa, chè oswa ekstrawòdinè yo te pase kite nou e moun p ap twouve yo ankò. 15 18:15 Rev 18:3Machann a 18:15 Rev 18:12,13bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante. 16 Yo va di: 18:16 Rev 18:10,19"Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an lèn fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak , pyè presye, ak pèl yo; 17 Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin 18:17 Rev 17:6gaspiye!" Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.

18 "E yo t ap 18:18 Éz 27:30kriye anmwey yo te 18:18 Rev 18:9lafimen dife li a, e t ap di: "Ki vil ki tankou gran vil sila a?" 19 Konsa, yo te jete 18:19 Jos 7:5pousyè sou tèt yo e t ap rele , kriye, lamante e t ap di: 18:19 Rev 18:10"Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!" 20 18:20 Jr 51:48"Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li."

21 Answit, yon zanj pwisan te 18:21 Jr 51:63pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: "Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li 18:21 Éz 26:21p ap twouve ankò. 22 Konsa, 18:22 És 24:8son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou. 23 Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e 18:23 Jr 7:34vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò.

"Paske 18:23 És 23:8machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a. 24 Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também