Pular para o conteúdo
Publicidade

Apocalipse 15

1 Konsa, mwen te yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen 15:1 Lev 26:21sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.

2 Mwen te yon bagay tankou 15:2 Rev 4:6lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo 15:2 Rev 12:11ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.

3 Konsa, yo te chante 15:3 Egz 15:1chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di:

15:3 Det 32:3 "Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,

O Senyè, Bondye Toupwisan an!

Jis e vrè, se chemen Ou yo,

Wa a nasyon yo.

4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,

epi bay glwa a non Ou?

Paske se Ou sèl ki sen.

15:4 Sòm 86:9 Paske tout nasyon yo va vini

pou adore devan Ou.

Paske zèv ladwati Ou yo,

Ou gen tan revele."

5 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e 15:5 Rev 11:19tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri. 6 Konsa, 15:6 Rev 15:1sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an .

7 Answit, youn nan 15:7 Rev 4:6kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an , plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.

8 Epi tanp lan te vin ranpli avèk 15:8 Egz 19:18lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.

Veja também