11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele 19:11 Rev 3:14Fidèl e Veritab. Avèk 19:11 Sòm 96:13ladwati Li jije e fè lagè.
12 19:12 Dan 10:6 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se 19:13 Jn 1:1"Pawòl Bondye a".
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an lèn fen 19:14 Rev 3:4blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va 19:15 Sòm 2:9gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. 16 Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: 19:16 Rev 17:14"WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ."
17 Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, 19:17 I Sam 17:44"Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a; 18 pou nou kapab 19:18 Éz 39:18-20manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, 19:18 Rev 13:16piti kou gran."
19 Konsa, mwen te wè 19:19 Rev 11:7bèt la, 19:19 Rev 16:14,16wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li.
20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign 19:20 Rev 13:12nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa 19:20 Rev 13:16mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.
21 Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e 19:21 Rev 19:17tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.