1 Answit, li te montre m yon 22:1 Sòm 46:4rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te 22:2 Jen 2:9pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
3 22:3 Za 14:11 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va 22:4 Sòm 42:2wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni 22:5 És 60:19limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.