Publicidade

Apocalipse 22

1 Answit, li te montre m yon 22:1 Sòm 46:4rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak larivyè a, se te 22:2 Jen 2:9pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.

3 22:3 Za 14:11 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va 22:4 Sòm 42:2figi Li, e non Li va sou fon yo.

5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni 22:5 És 60:19limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.

6 Konsa, Li te di mwen: 22:6 Rev 19:9"Pawòl sa yo fidèl e vrè". Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.

7 "Gade byen, Mwen ap vini vit. 22:7 Rev 1:3Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a."

8 Alò, 22:8 Rev 1:1Mwen, Jean, se sila ki te tande e bagay sa yo. Konsa, m te tande e yo, 22:8 Rev 19:10mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.

9 Men, li te di mwen: "Pa sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de 22:9 Rev 1:11liv sa a. Olye sa, adore Bondye." 10 Epi li te di mwen: 22:10 Dan 8:26"Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch. 11 22:11 Éz 3:27Kite sila ki mal la, kontinye mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.

12 "Gade byen, Mwen ap vini vit! 22:12 És 40:10Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te . 13 Mwen se Alfa a ak Omega a, 22:13 És 44:6premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an."

14 Beni se sila ki 22:14 Rev 7:14lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa 22:14 Rev 21:27pòtay yo, antre nan vil la.

15 22:15 Mat 8:12 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

16 "Mwen, Jésus, te voye 22:16 Rev 1:1zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an."

17 22:17 Rev 2:7 Lespri a ak lamarye a di: "Vini". Kite sila ki tande a di: "Vini!" Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.

18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun 22:18 Det 4:2ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an 22:19 Rev 21:10—22:5ki ekri nan liv sila a.

20 Sila ki temwaye a bagay sa yo di: "Wi, 22:20 Rev 22:7Mwen ap vini vit."

Amen. Vini, Senyè Jésus.

21 22:21 Wo 16:20 Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-