1 Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe 7:1 Jr 49:36kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
2 Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk 7:2 Rev 7:3so a 7:2 Mat 16:16Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. 3 Li te di: "Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin 7:3 Rev 7:3-8sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou 7:3 Éz 9:4,6fon yo." 4 Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, 7:4 Rev 14:1,3san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
5 Nan tribi Juda a, douz-mil te sele,
nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
6 nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil,
nan tribi Manassé a, douz-mil,
7 nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil,
nan tribi Issacar a, douz-mil,
8 nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil,
nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.