12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje 1:12 Trav 20:32nan eritaj a fidèl yo nan 1:12 Trav 26:18Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan 1:13 Ef 6:12wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 1:14 Wo 3:24Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
15 Li se imaj a Bondye envizib la 1:15 Wo 8:29premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—1:16 Jn 1:3tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li 1:17 Jn 1:1avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm.