13 "Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon 7:13 Mat 24:30 Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè. 14 A li menm, Li te bay 7:14 Dan 7:27 dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. 7:14 Mi 4:7Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.
Publicidade