24 "Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre 9:24 II Kwo 29:24; És 51:6,8 ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.
25 "Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon 9:25 Esd 4:24 dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble. 26 Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va 9:26 És 53:8koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va 9:26 Mat 24:2 detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine. 27 Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl 9:27 Dan 11:31abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, 9:27 És 10:23 ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an."