Pular para o conteúdo
Publicidade

Lamantasyon Yo 4

1 A la briyans a vin 4:1 Éz 7:19-22bese!

pi a pa menm ankò!

Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.

2 Pyè presye a fis a Sion yo;

ki gen valè kon fen,

gade kijan yo konsidere kon 4:2 És 30:14veso ,

travay a potye a!

3 Menm chen mawon yo konn bay tete;

yo kite pitit yo souse yo.

Men fi a pèp mwen an te vin 4:3 És 49:15mechan

kon yon otrich nan dezè.

4 4:4 Sòm 22:15 Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo,

tèlman yo swaf;

ti piti yo mande pen,

men pèsòn pa kase bay yo.

5 Sila ki te konn manje 4:5 Jr 6:2ti manje delika yo,

vin abandone nan lari.

Sila ki te leve nan abiman an mov yo

ap degaje yo chèche kaka bèf.

6 Paske inikite a fi a pèp mwen an

pi gwo ke peche Sodome,

ki te 4:6 Jen 19:25boulvèse nan yon moman,

san pa t gen men ki boulvèse l.

7 Prens li yo te 4:7 Sòm 51:7pi pwòp ke lanèj.

Yo te pi blan ke lèt.

Yo te pi wouj pase koray.

Yo te poli tankou pyè safì.

8 Aparans yo koulye a 4:8 Job 30:30pi nwa ke poud chabon.

Yo pa menm rekonèt yo nan lari.

Chè yo vin kole sou zo yo.

Li fennen nèt.

Li vin tankou bwa.

9 Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo,

ke sila ki touye ak grangou yo;

paske yo vin chagren

e epwize akoz mank fwi chan an.

10 Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo

te bouyi pwòp pitit yo.

Yo te devni 4:10 Det 28:53-55manje pou yo,

akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.

11 SENYÈ a te 4:11 Jr 7:20acheve gwo kòlè Li a.

Li te vide gwo kòlè Li a.

Li te limen yon dife nan Sion,

ki te manje tout fondasyon Li yo.

12 Wa latè yo pa t kwè,

ni okenn abitan nan mond lan,

ke advèsè ak ènmi an ta ka 4:12 Jr 21:13antre

nan pòtay Jérusalem nan.

13 Akoz peche a pwofèt li yo

ak inikite a prèt li yo,

ki te vèse nan mitan li

4:13 Jr 2:30 san a moun ladwati yo.

14 Yo egare e avèg nan lari yo.

Yo te vin souye ak 4:14 És 1:15san,

jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.

15 "Sòti! 4:15 Lev 13:45-46Pa pwòp!" Yo te kriye a yo menm.

"Sòti, sòti, pa touche!"

Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou.

Pami nasyon yo, yo te di:

"Yo p ap ka kontinye rete pami nou".

16 Prezans a SENYÈ a te gaye yo.

Li p ap kontinye bay yo swen.

Yo pa t 4:16 És 9:14-16onore prèt yo,

Yo pa t respekte ansyen yo.

17 Malgre sa, zye nou febli.

Chache sekou te vin 4:17 Jr 37:7initil.

Nan chache, nou te chache pou yon nasyon

ki pa t ka sove.

18 Konsa, yo te 4:18 Jr 16:16lachas dèyè nou

jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo.

Lafen nou vin pwòch.

Jou nou yo fin ranpli,

paske dènye moman nou vin rive.

19 Sila ki te kouri dèyè nou yo

te pi vit pase èg k ap volè anlè.

Yo te lachas sou nou nan mòn yo.

Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.

20 Souf ki nan nen nou,

nou menm ki onksyone de 4:20 II Sam 1:14SENYÈ a,

te vin kaptire nan twou fòs yo,

de sila nou te konn di:

"Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo".

21 Rejwi e kontan, O fi a 4:21 Sòm 137:7Edom nan,

ki rete nan peyi Uts la.

Tas la va wonn vin jwenn ou tou.

Ou va vin sou.

Ou va vin toutouni.

22 Pinisyon pou inikite nou yo fin 4:22 És 40:2konplete,

O fi a Sion an.

Li p ap ekzile nou ankò.

Li va pini inikite nou an, O fi Edom an.

Li va parèt tout peche ou yo!

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também