Pular para o conteúdo
Publicidade

Lamantasyon Yo 5

1 Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.

Gade pou 5:1 Sòm 44:13-16repwòch nou.

2 Eritaj nou te bay kon don a 5:2 És 1:7etranje yo,

kay nou yo a moun nou pa konnen.

3 Nou te devni òfelen 5:3 Egz 22:24san papa.

Manman nou yo tankou vèv.

4 Nou oblije achte 5:4 És 3:1dlo pou nou bwè.

Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.

5 Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.

Nou vin bouke nèt.

5:5 Né 9:36-37 Nanpwen repo pou nou.

6 Nou te vin soumèt devan 5:6 Os 9:3Egypte ak Assyrie

pou nou jwenn ase pen.

7 5:7 Jr 14:20 Papa zansèt nou yo te peche,

men yo pa la ankò;

se nou menm ki te pote inikite pa yo.

8 Se 5:8 Né 5:15esklav yo k ap domine sou nou;

nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.

9 Nou 5:9 Jr 40:9-12riske lavi nou pou jwenn pen

akoz nepe nan dezè a.

10 Po nou vin 5:10 Job 30:30kwit tankou yon fou,

akoz gwo chalè grangou a.

11 Yo te ravaje tout 5:11 És 13:16fanm Sion yo;

vyèj lavil a Juda yo.

12 Prens yo te pann pa men yo;

5:12 És 47:6 ansyen yo te vin pa respekte.

13 Jennonm yo te 5:13 Jij 16:21fòse travay devan moulen an

e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.

14 Ansyen yo ale kite pòtay la;

jennonm yo ale kite 5:14 És 24:8mizik yo.

15 Jwa nan nou vin 5:15 Jr 25:10sispann;

danse vin ranplase pa dèy.

16 Kouwòn nan soti sou tèt nou;

5:16 És 3:9-11 malè a nou menm, paske nou te peche!

17 Akoz sa, 5:17 És 1:5nou febli;

akoz bagay sa yo, zye nou pa klè.

18 Akoz 5:18 Mi 3:12Mòn Sion ki kouche dezole nèt,

rena yo patwouj ladann.

19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;

5:19 Sòm 45:6 twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.

20 Poukisa Ou 5:20 Sòm 13:1bliye nou jis pou tout tan?

Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?

21 5:21 Sòm 80:3 Restore nou a Ou menm O SENYÈ,

pou nou ka vin restore.

jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.

22 Men 5:22 Sòm 60:1-2Ou deja fin rejte nou nèt.

Ou rete byen fache nèt ak nou.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também