13 "Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li 14 pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’ 15 alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la. 16 Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li. 17 Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: "Mwen pa t twouve fi nou an vyèj." Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la.
Publicidade