Pular para o conteúdo
Publicidade

Esdras 1

1 Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te 1:1 Esd 5:13voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:

2 "Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi 1:2 És 44:28Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda. 3 Nenpòt moun ki pami nou nan tout pèp li a, ke Bondye pa li a kapab avèk li! Lese l monte Jérusalem ki nan Juda pou rebati lakay SENYÈ a, Bondye Israël la 1:3 És 37:16(Se Li ki Bondye), ki nan Jérusalem nan. 4 Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk , avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan."

5 Epi chèf lakay papa zansèt pa yo nan Juda avèk Benjamin, e prèt avèk Levit yo te leve, 1:5 Esd 1:1-2 menm tout sila ki te gen lespri vire pa Bondye yo, pou monte rebati lakay SENYÈ a ki Jérusalem nan. 6 Tout sila ki te antoure yo te 1:6 Né 6:9 ankouraje yo avèk bagay an ajan, , byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte. 7 Anplis, Wa Cyrus te mennen sòti tout bagay ki te pou lakay SENYÈ a 1:7 II Wa 24:13 ke Nebucadnetsar te mennen sòti Jérusalem pou mete lakay dye a li menm yo; 8 menm sa yo Cyrus, wa Perse la, te sòti pa men Mithredath, trezorye a e li menm, te konte yo pou 1:8 Esd 5:14 Sheshbatsar, prens a Juda a. 9 Men kontwòl yo: trant 1:9 Esd 8:27 asyèt an , mil asyèt an ajan, vent-nèf kouto; 10 trant bòl an , kat-san-dis bòl an ajan nan yon lòt kalite ak mil nan lòt atik. 11 Tout bagay an avèk ajan yo te vin kontwole nan senk-mil-kat-san. Sheshbatsar te mennen yo tout monte avèk moun egzil ki te sòti Babylone yo pou rive Jérusalem.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também