Pular para o conteúdo
Publicidade

Efezyen Yo 4

25 Pou sa, mete akote sa ki fo, 4:25 Za 8:16e "pale verite a, nou chak avèk vwazen nou", paske nou se manm a youn lòt. 26 4:26 Sòm 4:4"fache, e malgre sa pa peche"; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa 4:27 Wo 12:19bay Dyab la opòtinite. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou 4:28 I Tes 4:11avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou 4:29 Wo 14:19edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo.

Veja também