1 5:1 Mat 5:48 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 5:2 Wo 14:15Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te 5:2 Gal 2:20bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
3 Men ni 5:3 Kol 3:5imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6 5:6 Kol 2:8 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa 5:7 Ef 3:6vin yon pati ak yo. 8 Paske avan sa nou 5:8 Ef 2:2te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9 Paske 5:9 Gal 5:22fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10 5:10 Wo 12:2ki fè prev de sa k ap fè Senyè a plezi. 11 Pa patisipe nan 5:11 Wo 13:12zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans 5:11 I Tim 5:20ekspoze yo. 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. 13 Men tout bagay vin vizib 5:13 Jn 3:20lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. 14 Pou rezon sa a Li di:
5:14 És 51:17 "Leve, sila k ap dòmi an,
Leve sòti nan lanmò
E Kris va klere sou ou."
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou 5:15 Ef 5:2mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 5:16 Kol 4:5Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men 5:17 Wo 12:2konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi 5:18 Pwov 20:1pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 5:19 Kol 3:16Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 5:20 Wo 1:8Toujou bay remèsiman a 5:20 I Kor 15:24Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 5:21 Gal 5:13avèk sumisyon youn lòt nan 5:21 II Kor 5:11lakrent Kris la.
22 5:22 Ef 5:22—6:9; Kol 3:18—4:1 Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske 5:23 I Kor 11:3mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 5:25 Ef 5:28,33; Ef 5:2 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 5:26 Tit 2:14pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin 5:27 Ef 1:4sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi 5:28 Ef 5:25renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se 5:30 I Kor 6:15manm a kò Li. 31 5:31 Jen 2:24"Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè." 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe 5:33 I Pi 3:2,5respekte mari li.