10 Anfen 6:10 I Kor 16:13se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan 6:10 Ef 1:19fòs a pouvwa Li. 11 6:11 Wo 13:12Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont 6:12 Mat 16:17lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab 6:13 Jc 4:7reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin 6:14 És 11:5kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la 6:14 És 59:17pwotèj ladwati a. 15 Konsa, 6:15 És 52:7abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran 6:16 I Tes 5:8boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran 6:17 És 59:17kas Sali a ak 6:17 Eb 4:12nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout 6:18 Fil 4:6lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.