1 Alò, yon mesye 2:1 Egz 6:16-20 lakay Lévi te marye avèk yon fi Lévi. 2:1 Egz 6:16-20 2 Fanm nan te vin ansent, li te fè yon fis. Lè l te wè ke li te 2:2 Trav 7:20 byen bèl, li te kache li pandan twa mwa. 3 Men lè li pa t kab kache li ankò, li te pran yon panyen wozo, e li te kouvri li avèk goudwon ak gòm rezen. Konsa, li te mete pitit la ladann, e te plase li pami wozo yo akote lariviyè Nil lan. 4 2:4 Egz 15:20 Sè li a te kanpe nan yon distans, pou wè kisa ki kab rive li.
5 Fi a Farawon an te vin desann 2:5 Egz 7:15 pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li. 6 Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: "Sa se youn nan pitit Ebre yo."
7 Epi sè li a te di a fi Farawon an: "Èske mwen ta dwe al chache yon fanm nouris pami fanm Ebre yo pou ou pou l ka ba li tete pou ou?"
8 Epi fi a Farawon an te di li: "Ale". Konsa, fi a te al rele manman a pitit la.
9 Epi fi a Farawon an te di li: "Pran pitit sa a ale, bay li tete pou mwen e mwen va ba ou salè ou."
Epi fanm nan te pran pitit la e li te bay li tete. 10 Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, 2:10 Trav 7:21 li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: "Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a."