3 "Ou pa pou gen lòt 20:3 Egz 15:11 dye devan M.
4 20:4 Lev 19:4 "Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a.
5 20:5 Egz 23:24 "Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye 20:5 Na 1:2jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd 20:6 Det 7:9 pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
7 20:7 Lev 19:12 "Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon."
8 Sonje 20:8 Lev 26:2 jou Saba a pou kenbe l sen.
9 20:9 Det 5:13 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. 20:10 Né 13:16-19 Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.
11 20:11 Jen 2:2,3 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.