10 "Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè. 11 Ou va kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li. 12 Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
13 "Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò. 14 Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo. 15 Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li. 16 Ou va mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.
17 "Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè. 18 Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a. 19 Fè yon cheriben nan yon pwent, e youn lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li. 20 Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.
21 "Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.