11 Men lè 2:11 Gal 1:18Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn 2:12 Trav 11:3manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz 2:12 Trav 11:2lakrent pati sikonsizyon an. 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm 2:13 Trav 4:36Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. 14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon 2:14 Gal 2:5verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: "Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?