Publicidade

Hebreus 10

1 Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. 2 Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò?

3 Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. 4 Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.

5 Konsa, Li vini nan mond lan, Li te di:

"Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,

men yon Ou te prepare pou Mwen.

6 Nan tout ofrann ki brile

ak sakrifis pou peche,

Ou pa t pran plezi.

7 Answit, Mwen te di:

Gade, Mwen gen tan vini

(nan woulo liv la li ekri de Mwen)

"pou volonte Ou, o Bondye."

8 L te fin di tout sa a: "Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo" (sila k ap ofri selon Lalwa yo).

9 Answit, Li te di: "Gade, Mwen vini pou volonte Ou."

Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. 10 Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a Jésus Kris la yon fwa pou tout.

11 Chak prèt kanpe chak jou pou ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.

12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye, 13 pou Li ta tann depi sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. 14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.

15 Epi Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:

16 "Sa se akò ke Mwen va avèk yo

apre jou sa yo, di Senyè a;

Mwen va mete Lwa Mwen nan yo,

e nan panse yo, Mwen va ekri yo."

Li di answit:

17 "Epi peche ak inikite yo,

Mwen p ap sonje yo ankò."

18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.

19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22 annou rapwoche nou avèk yon sensè, ki plen asirans lafwa, avèk nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki pwomès la, Li fidèl.

24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye , men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou jou a ap pwoche.

26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.

28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?

30 Paske nou konnen Sila ki te di a: "Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse." E ankò: "Senyè a va jije pèp Li a." 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.

32 Men sonje jou nan tan pase yo, apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans 33 nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. 34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.

35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36 Paske nou oblije andire, pou nou fin volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.

37 "Paske nan yon tan ki kout,

Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap reta.

38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;

e si li bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li."

39 Men nou pa pami sila ki bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-