Publicidade

Hebreus 3

1 Konsa, frè sen yo, patisipan a yon 3:1 Fil 3:14apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a. 2 Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan 3:2 Egz 40:16Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a. 3 3:3 II Kor 3:7-11Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm. 4 Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye. 5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon 3:5 Nonb 12:7sèvitè 3:5 Det 18:18pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; 6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. 3:6 I Kor 3:16Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.

7 Konsa, jan Lespri Sen an di a:

3:7 Sòm 95:8 "Jodi a, si nou tande vwa Li,

8 pa tèt nou di, jan yo te M fache a,

pandan jou tribilasyon yo nan dezè a,

9 3:9 Sòm 95:11 kote Papa nou yo te eprèv mwen nan

tante Mwen, e te vin zèv Mwen yo

pandan 3:9 Trav 7:36karant ane.

10 3:10 Sòm 95:10 Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a,

e M te di:

Yo toujou vin egare nan yo;

e yo pa t konnen chemen Mwen yo.

11 3:11 Sòm 95:11 Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an,

Yo p ap antre nan repo Mwen.

12 3:12 Kol 2:8 atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men 3:13 Eb 10:24ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele "jodi a", pouke okenn nan nou pa vin tèt di pa 3:13 Ef 4:22sediksyon peche a.

14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris 3:14 Eb 3:6si nou kenbe fèm a premye 3:14 Eb 11:1asirans nou an jiska lafen; 15 Pandan ke li di:

3:15 Sòm 95:7 "Jodi a si nou tande vwal L,

pa andisi nou,

jan yo te nan rebelyon an."

16 Paske kilès ki te 3:16 Jr 32:29rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?

17 Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo 3:17 Nonb 14:29ke yo te tonbe nan dezè a?

18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo 3:18 Nonb 14:23pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?

19 Donk, nou ke yo pa t kapab antre akoz 3:19 Jn 3:18,36enkwayans yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-