1 Alò, menm premye akò a te gen 9:1 Eb 9:10règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. 2 Paske te gen 9:2 Egz 25:8,9yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.
3 Andedan 9:3 Egz 26:31-33dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo. 4 Li gen yon 9:4 Egz 30:1-5lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. 5 Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.9:5 Egz 25:17,20