Publicidade

Eclesiastes 11

1 Voye pen ou sou sifas dlo,

e apre anpil jou, ou va twouve l.

2 Divize byen ou fè sèt, oswa uit menm;

paske ou pa janm konnen ki malè k ap rive sou latè.

3 Si nwaj yo plen, yo vide lapli sou latè;

epi si yon bwa tonbe vè sid, oswa vè nò,

kote li tonbe a, se la l ap kouche.

4 Sila ke veye van an p ap simen;

ni sila ki veye syèl la p ap rekòlte.

5 Menm jan ke ou pa konnen chemen van an,

ni jan zo yo vin fòme nan vant a fanm ansent lan,

se konsa ou pa konnen zèv Bondye

ki fè tout bagay la.

6 Simen semans ou nan maten an;

ni pa gaspiye tan nan aswè.

Paske ou pa janm konnen si se nan maten

oswa nan aswè semans lan ap reyisi;

ni si se pa tou de k ap bon.

7 Limyè a byen bèl,

e li bon pou zye wè solèy la.

8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,

kite li rejwi li nan yo tout;

men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil.

Tout sa ki gen pou vini se vanite.

9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,

e kite kè ou rete kontan

pandan ane de laj jenès ou yo.

Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,

men konnen byen ke Bondye

va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.

10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

pou l pa nan kè ou,

e fè mal rete lwen chè ou;

paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

Veja também

Publicidade
Eclesiastes
Ver todos os capítulos de Eclesiastes
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-