Pular para o conteúdo
Publicidade

Eklezyas 6

1 Gen yon 6:1 Ekl 5:13mal ke m konn anba syèl la e ki gaye patou pami lòm2 Yon nonm ke Bondye 6:2 I Wa 3:13fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwe benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.

3 Si yon nonm yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka yon bon antèman; alò, mwen di: 6:3 Job 3:16"Pito li te sòti kon foskouch nan vant li." 4 Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa. 5 Li pa janm solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la. 6 Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagayèske se pa tout moun ki ale menm kote a? 7 6:7 Pwov 16:26Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè. 8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo? 9 Sa ke zye pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van. 10 Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li 6:10 Job 9:32pa ka goumen ak sila ki pi pase l. 11 Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm? 12 Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di 6:12 Ekl 3:22sa k ap rive apre li anba solèy la?

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também