Publicidade

Eclesiastes 10

1 Mouch mouri bay

lwil pafen yon move odè;

Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa

pou depase sajès ak respè.

2 Kè a yon moun saj mennen li adwat,

men kè a moun san konprann nan

mennen l agoch.

3 Menm lè ensanse a mache nan lari

li manke bon tèt.

Li montre tout moun ke

se moun fou li ye.

4 Si kòlè a wa a vin monte kont ou,

pa abandone pozisyon ou;

paske rete kalm ka evite gwo ofans.

5 Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 6 Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. 7 Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 8 Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. 9 Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. 10 Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!

11 Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12 Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13 Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz. 14 Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo.

Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li. 15 Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.

16 Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;

ak prens yo k ap fè fèt granmaten.

17 Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a

ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,

e non pou fè banbòch vin sou.

18 Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann,

e nan enpridans kay la vin koule.

19 Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo,

diven pou fè kè kontan;

epi lajan se repons pou tout bagay.

20 Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon;

e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.

Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,

e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.

Veja também

Publicidade
Eclesiastes
Ver todos os capítulos de Eclesiastes
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-