45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: "Nou te twouve sila a ke 1:45 Luc 24:27Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la."
46 Nathanaël te di l 1:46 Jn 7:41-52"Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?" Philippe te reponn: "Vini pou wè."
47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: 1:47 Wo 9:12"Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon."
48 Nathanaël te di L "Kijan ou fè rekonèt mwen?" Jésus te reponn li: "Avan 1:48 Mat 10:3Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou."
49 Natanaël te reponn Li: "Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se 1:49 Mat 2:2Wa Israël la."
50 Jésus te reponn Li e te di: "Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo." 51 E Li te di li: "Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè 1:51 Éz 1:1 syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan."