1 Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li 11:1 Luc 10:38Marthe te rete a.
2 Se te sè Lazare, Marie ki te 11:2 Luc 7:38onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. 3 Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: "Senyè, 11:3 Jn 11:5-36sila ke ou renmen an malad."
4 Men lè Jésus te tande sa, Li te di: "Maladi sa a se pa a lanmò, 11:4 Jn 9:3men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li." 5 Konsa, Jésus te renmen 11:5 Jn 11:1Marthe ak sè li, ak Lazare. 6 Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a. 7 Apre sa, Li te di a disip Li yo: 11:7 Jn 10:40"Annou ale nan Judée ankò."
8 Disip Li yo te di Li: "Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap 11:8 Jn 8:59eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?"
9 Jésus te reponn yo: 11:9 Luc 13:33"Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen a li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. 10 Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li."
11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: "Zanmi nou Lazare 11:11 Mat 27:52gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi."
12 Konsa, disip Li yo te di L: "Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè." 13 Alò 11:13 Mat 9:24Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vrè dòmi.
14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè: "Lazare gen tan mouri,