16 "Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
18 "Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou. 19 Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou. 20 Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.
21 "Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li."
22 Judas, se pa Iscariot la, te di Li: "Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?"
23 Jésus te reponn e te di Li: "Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li". 24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.