1 15:1 Sòm 80:8 "Mwen se vrè pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.
3 15:3 Jn 13:10 "Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 15:4 Jn 6:56Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
5 "Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li 15:5 Jn 15:16pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen.