1 Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan 2:1 Jn 2:11Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. 2 Jésus ansanm ak 2:2 Jn 1:40-49disip li yo te envite nan maryaj la.
3 Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: "Nanpwen diven ankò."
4 Jésus te di li: "Fanm, kisa mwen gen avèk ou? 2:4 Jn 7:6-8 Lè M poko rive."
5 2:5 Mat 12:46 Manman li te di sèvitè yo: "Nenpòt sa Li mande nou, fè l."
6 La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou 2:6 Mc 7:3koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.
7 Jésus te di yo: "Ranpli po yo avèk dlo." Konsa, yo te plen yo ra bouch.
8 Epi Li di yo: "Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo." Konsa yo te pote bay li.
9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a 2:9 Jn 4:46ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: "Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo 2:10 Mat 24:49bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a."
11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre 2:11 Jn 1:14glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.