11 20:11 Mc 16:5 Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan. 12 E li te wè 20:12 Mat 28:2de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.
13 Yo te di li: 20:13 Jn 20:15"Fanm poukisa w ap kriye?" Li te di yo, "Akoz 20:13 Jn 20:2yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L." 14 Lè li te fin di sa, li te vire, e 20:14 Mat 28:9te wè Jésus t ap kanpe la, men li 20:14 Jn 21:4pa t konnen ke se te Jésus.
15 Jésus te di li 20:15 Jn 20:13"Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?" Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: "Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale."
16 Jésus te di li: "Marie!" Li te di Li an Ebre: 20:16 Mc 10:51"Rabouni!", ki vle di "Mèt!"
17 Jésus te di li: "Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote 20:17 Mat 28:10 frè M yo e di yo ke ‘Mwen 20:17 Jn 7:33monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’"
18 Marie 20:18 Luc 24:10-23Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: "Mwen wè Senyè a," epi Li te pale yo de bagay sa yo.