24 Men 20:24 Jn 11:16Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: "Nou gen tan wè Senyè a!" Men li te di yo: "Anmwenske m wè mak klou yo 20:25 Jn 20:20nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè."
26 Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: 20:26 Luc 24:36"Lapè avèk nou!"
27 Alò Li te di a Thomas 20:27 Luc 24:40"Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè."
28 Thomas te reponn: "Senyè mwen, e Bondye mwen!"
29 Jésus te di li: "Paske ou wè M, ou kwè? 20:29 I Pi 1:8Beni se sila yo ki pa t wè, men te kwè."