Publicidade

João 8

4 Yo te di Li: "Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. 5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?" 6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.

7 Men yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: "Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li." 8 Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.

9 yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. 10 Jésus te leve, e te di li: "Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?" 11 Li te di: "Pa youn, Senyè." Jésus te di "Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-