Pular para o conteúdo
Publicidade

Juízes 11

1 Alò, 11:1 Eb 11:32Jephthé, Galaadit la, te yon gèrye plen kouraj. Li te fis a yon pwostitiye. Galaad se te papa a Jephté 2 Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: "Ou p ap eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm." 3 Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi 11:3 II Sam 10:6-8Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li.

4 Li te vin rive apre yon tan ke 11:4 Jij 10:9-17fis Ammon yo te goumen kont Israël. 5 fis Ammon yo te goumen kont Israël, ansyen nan Galaad yo te ale jwenn Jephthé nan peyi Tob la. 6 Konsa, yo te di a Jephthé: "Vin chèf sou nou pou nou kab goumen kont fis Ammon yo."

7 Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: 11:7 Jen 26:27"Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m nou nan pwoblèm nan?"

8 Ansyen Galaad yo te di a Jephthé: "Se pou rezon sa a ke nou gen tan retounen kote ou, pou ou kapab ale avèk nou, goumen avèk fis Ammon yo e 11:8 Jij 10:18vin chèf sou tout pèp Galaad la."

9 Pou sa, Jephthé te di a ansyen Galaad yo: "Si nou reprann mwen pou m kab goumen kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a livre yo nan men m, èske mwen va devni chèf an tèt nou?"

10 Ansyen a Galaad yo te di a Jephthé: 11:10 Jen 31:50"SENYÈ a se temwen antre nou. Anverite, nou va sa ou mande nou a."

11 Konsa, Jephthé te ale avèk ansyen Galaad yo, e pèp la te li chèf sou yo. Konsa, Jephthé te pale tout pawòl li yo devan SENYÈ a nan 11:11 Jij 10:17Mitspa.

12 Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: "Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?"

13 Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: "Akoz Israël te 11:13 Nonb 21:24pran peyi mwen yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive 11:13 Jen 32:22Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè."

14 Men Jephthé te voye mesaje yo ankò wa a fis Ammon yo. 15 Li te di li yo: "Konsa pale Jephthé: "Israël pa t pran peyi Moab, ni peyi fis Ammon yo. 16 Paske, yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès. 17 Alò, Israël 11:17 Nonb 20:14-21te voye mesaje yo wa Édom an, pou te di: Souple, lese nou travèse peyi nou an,men wa a Édom an te refize koute. Ankò, yo te voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès. 18 Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te kan an lòtbò Arnon an, men yo 11:18 Det 2:9-19pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab. 19 Konsa, Israël te voye 11:19 Nonb 21:21-32mesaje a Sihon yo, wa Amoreyen yo, ak wa a Hesbon an. Israël te di li: "Souple, kite nou pase nan teritwa pa ou a pou rive nan plas nou." 20 Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan teritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël. 21 SENYÈ a, Bondye a Israël la, te mete11:21 Nonb 21:24Sihon avèk tout pèp li a nan men Israël la, e yo te genyen yo. Konsa, Israël la te vin posede tout teren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo. 22 11:22 Det 2:36-37Epi yo te vin posede tout teren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an. 23 Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te yo sòti nan teren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li? 24 Èske nou pa posede deja sa ke 11:24 Nonb 21:29Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li. 25 Alò, èske ou pi bon ke 11:25 Nonb 22:2Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la? Èske li te janm traka pou Israël, oswa èske li te janm goumen kont yo? 26 11:26 Nonb 21:25-26Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a? 27 Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te m nou te lagè kont mwen. 11:27 Jen 16:5Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo."

28 Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a. 29 Alò, 11:29 Jij 3:10 Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive fis Ammon yo.

30 Jephthé te yon ve bay SENYÈ a, e te di: "Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m, 31 konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile."

32 Konsa, Jephthé te travèse fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li. 33 Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.

34 Jephthé te rive kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk 11:34 Egz 15:20 tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi. 35 li te li, li te chire rad li e te di: "Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e 11:35 Nonb 30:2 mwen p ap kab reprann li."

36 Konsa li te di li: "Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. 11:36 Nonb 30:2avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo." 37 Li te di a papa li: "Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou 11:37 Jen 30:23vyèj, mwen menm avèk zami mwen yo.

38 Epi li te reponn: "Ale." Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj. 39 Nan fen de mwa yo, li te retounen papa li ki te aji ak li selon ve ke li te a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël, 40 pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.

Veja também