Pular para o conteúdo
Publicidade

Jij Yo 8

1 Alò, mesye Éphraïm yo te di li: 8:1 Jij 12:1"Kisa nou te ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?" Epi yo te menase li byen rèd. 2 Men li te di yo: "Kisa menm mwen te ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase gwo rekòlt nan chan Abiézer a? 3 Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi ki konpare avèk nou?" Alò, chalè kòlè kont li te bese li te di sa a.

4 Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive 8:4 Jij 7:25nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo. 5 Li te di a mesye 8:5 Jen 33:17Succoth yo: "Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo."

6 Chèf Succoth yo te di: 8:6 Jij 8:15"Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?"

7 Gédéon te di: "Trè byen, 8:7 Jij 7:15SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan."

8 Li te monte soti la nan 8:8 Jen 32:31Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan. 9 Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: 8:9 Jij 8:17"m retounen an bon eta, m ap chire sa a."

10 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; 8:10 Jij 6:5paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe. 11 Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an yo pa t sispèk anyen. 12 Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout. 13 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la. 14 Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succot yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm. 15 Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: "Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, nou te di: 8:15 Jij 8:6Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?" 16 Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo. 17 8:17 Jij 8:9Li te chire Penuel la e te touye mesye lavil yo.

18 Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: "Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?"

Epi yo te di: "Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa."

19 Li te di: "Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou."

20 Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: "Leve touye yo." Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te , paske li te toujou jèn.

21 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: "Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye." 8:21 Sòm 83:11Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.

22 Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: "Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian."

23 Men Gédéon te di yo: "Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se 8:23 I Sam 8:7SENYÈ a k ap renye sou nou." 24 Men Gédéon te di yo: "Mwen ta yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo." (Paske yo te gen zanno an , akoz se te 8:24 Jen 25:13-16 Izmayelit ke yo te ye.)

25 Yo te di: "Anverite, n ap bay yo." Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo. 26 Pèz a zanno sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo. 27 Gédéon te sèvi l pou fòme 8:27 Egz 28:6-35yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.

28 Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.

29 Alò, 8:29 Jij 7:1Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li. 30 Gédéon te gen 8:30 Jij 9:2-9 swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm. 31 Mennaj li ki te nan Sichem, osi te yon fis pou li e li te bay li non Abimélec. 32 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.

33 Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, 8:33 Jij 2:11-12 fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te Baal-Berith dye pa yo. 34 Konsa, fis Israël yo 8:34 Det 4:9 pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote. 35 8:35 Jij 9:16-18Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te pou Israël yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também