6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: 13:6 Jij 8:11"Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li. 7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’"
8 Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: "O SENYÈ, souple kite 13:8 Jij 13:3-7nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la."