Pular para o conteúdo
Publicidade

Juízes 3

12 Alò, fis Israël yo te mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, 3:12 Jij 2:14SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te mal nan zye SENYÈ a. 13 Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede 3:13 Det 34:3vil pye palmis yo. 14 Fis Israël yo te sèvi Églon, wa Moab la, pandan dizuit ane.

15 Men fis Israël yo te vin kriye bay SENYÈ a, SENYÈ a te leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la. 16 Éhud te pou kont li yon nepe avèk lam file de , yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li. 17 Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra. 18 Li te vin rive ke li te fin prezante kòb la, li te moun pa l yo ki te pote don an sòti. 19 Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: "Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa." Epi li menm wa a te di: "Rete an silans." Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati. 20 Éhud te vin li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: "Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou." Li te leve sou chèz li a. 21 Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li. 22 Manch lan osi te antre anndan l apre lam nan e grès te vin kouvri sou lam nan; paske li pa t retire nepe a sòti nan vant li e salte vant lan te vin sòti ladann. 23 Alò, Éhud te sòti sou galeri gran chanm nan, te fèmen pòt a chanm twati dèyè li yo, e li te kadnase yo.

24 l te fin sòti, sèvitè li yo te vin gade; epi vwala, pòt a chanm twati yo te kadnase. Konsa yo te di: 3:24 I Sam 24:3"L ap sèlman okipe bezwen li nan chanm fre a." 25 Yo te tann jiskaske yo te vin twouble, men gade byen, li pa t vin ouvri pòt a chanm twati la. Pou sa, yo te pran kle a pou te louvri yo, epi gade byen, mèt yo a te tonbe atè a mouri nèt. 26 Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra. 27 Li te vin rive ke li te parèt, 3:27 Jij 6:34li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo. 28 Li te di yo: "Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou." Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo 3:28 Jij 7:24kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe. 29 Yo te frape tonbe nan tan sa a anviwon di-mil Moabit. Yo tout te gason vanyan e . Nanpwen ki te chape. 30 Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.

Veja também