11 Konsa, 1:11 Luc 2:9yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. 12 Zacharie te twouble lè l te wè li, e1:12 Luc 2:9lakrent te sezi li.
13 Men zanj lan te di l: "Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e 1:13 Luc 1:6-63ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
15 "Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap 1:15 Nonb 6:3bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. 16 Li va fè anpil moun nan fis Israël yo 1:16 Mat 3:2,6retounen a Senyè a, Bondye yo a. 17 Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, 1:17 Mal 4:6pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye."