26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele 1:26 Mat 2:23Nazareth, 27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan 1:27 Mat 1:16-20desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. 28 Lè l te antre, li te di li: "Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye se avèk ou. Ou beni pami fanm yo!"
29 Men Marie 1:29 Luc 1:12te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.
30 Konsa zanj lan te di l: 1:30 Mat 14:27"Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. 31 Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou 1:31 És 7:14va bay li non a Jésus. 32 Li va gran e Li va rele Fis a 1:32 Mc 5:7Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li 1:32 II Sam 7:12-16twòn a zansèt Li a, David. 33 Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, 1:33 II Sam 7:13-16e wayòm Li an p ap janm fini."
34 Marie te di a zanj lan: "Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?"
35 Zanj lan te reponn. Li te di li: "Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske 1:37 Jen 18:4anyen pa enposib avèk Bondye."
38 Marie te di li: "Men gade, sèvant-dedike a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou." Konsa, zanj lan te kite li.