10 Konsa, li t ap 13:10 Mat 4:23enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon 13:11 Luc 13:16maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.
12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: "Fanm, ou lib de enfimite ou a". 13 Li te 13:13 Mc 5:23poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.
14 Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: 13:14 Egz 20:9"Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a."
15 Men Senyè a te reponn li: "Nou ipokrit, 13:15 Luc 14:5èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16 Alò, fanm sa a, 13:16 Luc 19:9yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?"
17 Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men 13:17 Luc 18:43tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.