Publicidade

Lucas 17

1 Li te di a disip Li yo: "Li nesesè ke wòch k ap moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive! 2 Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta youn nan pitit sa yo vin tonbe.

3 "atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen nou sèt fwa pou di Mwen repanti, padone l."

5 Alò, apòt yo te di: "Senyè, nou gen plis lafwa!"

6 Senyè a te di: "Si nou te gen lafwa tankou yongrenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;konsa, li ta obeyi nou.

7 "Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje? 8 Men èske li p ap di li: Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè? 9 Li p ap remèsye esklav la paske li te bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vrè?

10 "Konsa, nou menm tou nou tout bagay ke yo kòmande nou , nou di: Nou se esklav ki pa dign; nou sèlman sa ke nou dwe ."

11 Pandan Li te nan wout Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: "Jésus, Mèt, nou gras!"

14 Li te yo, Li te di yo: "Ale montre nou menm a prèt yo." Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

15 Men youn nan yo, l ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen . 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

17 Jésus te reponn e te di: "Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?" 19 Epi Li te di li: "Leve al wout ou. Lafwa ou geri ou."

20 Alò, L te kesyone pa Farizyen yo sou kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: "Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab ; 21 ni yo p apdi: Men li isit la!Oubyen men li la!Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou."

22 Ankò Li te di a disip yo: "Jou yo ap vini nou va anvi youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap l. 23 Yo va di nou: Gade la! Gade isit la!Pa ale, e pa kouri dèyè yo.

24 "Paske menm jan ak loray, l ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a. 25 Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a.

26 "Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo. 27 "Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.

28 "Se te menm jan ke sa te rive nan jou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.

29 "Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.

30 "Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nan ap revele a. 31 Nan jou sa a, sila a kisou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.

32 "Sonje madanm a Lot.

33 "Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.

34 "Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete. 35 Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete. 36 De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete."

37 Konsa yo te reponn: "Ki kote, Senyè?"

E Li te di yo: "Kotekadav la ye, se la votou yo va rasanble."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-