Pular para o conteúdo
Publicidade

Kantik A Kantik Yo 6

Lòt yo

1 6:1 Kan 5:6 "Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?

Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?"

Jenn Fi a

2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an,

nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,

pou patiraj twoupo li nan jaden yo,

pou ranmase flè 6:2 Kan 2:1lis.

3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;

sila ki patiraj twoupo li pami flè lis yo.

Salomon

4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou 6:4 I Wa 14:17Thirtsa;

bèl tankou Jérusalem,

mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.

5 Vire zye ou! Pa gade m!

Paske zye ou m egare.

6:5 Kan 4:1 Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.

6 6:6 Kan 4:2 Dan ou tankou yon bann mouton

ki fenk monte sot benyen.

Yo tout ki pòtre marasa.

Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.

7 6:7 Kan 4:3 De figi ou tankou yon tranch grenad

dèyè vwal ou.

8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,

e 6:8 Kan 1:3jèn fi menm pa kab konte;

9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;

li se sèl fi a manman li.

Fi san tach a sila ki te pote li a.

6:9 Jen 30:13 Jenn fi yo te l e te rele l beni;

ni rèn ni konkibin yo.

Yo te louwe l pou di:

10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,

bèl tankou plèn lin nan,

san tach tankou 6:10 Mat 17:2solèy la,

e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?

11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo

pou bwa vèt yo nan vale a;

pou si chan rezen fin boujon,

oswa 6:11 Kan 4:13grenad yo te fleri.

12 Avan mwen te menm konnen,

dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.

Lòt Yo

13 Retounen, retounen, O Silamit lan;

6:13 Jij 21:21 retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!

Salomon

Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também