Pular para o conteúdo
Publicidade

Kantik A Kantik Yo 4

Salomon

1 A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!

4:1 Kan 1:15 Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;

cheve ou tankou yon bann kabrit

ki fin desann sòti Mòn Galaad.

2 4:2 Kan 6:6 Dan ou tankou yon bann mouton

ak lenn fenk taye ki sot benyen.

Yo tout pòtre jimo yo,

ni youn nan yo pa pèdi pitit li.

3 Lèv ou tankou 4:3 Jos 2:18fisèl wouj

e bouch ou tèlman bèl.

De figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.

4 4:4 Kan 7:4 Kou ou tankou David la,

bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,

tout boukliye won a mesye pwisan yo.

5 4:5 Kan 7:3 De tete ou tankou de jèn ti antilòp;

jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.

6 4:6 Kan 2:17 Jiskaske jou a bese pou l vin fre

e lonbraj yo vin disparèt,

mwen va trase chemen mwen rive nan mòn

fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.

7 4:7 Kan 1:15 Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,

e nanpwen defo nan ou.

8 Vin avè m soti 4:8 I Wa 4:33Liban, fi maryaj mwen an;

m bezwen ou vini avè m sòti Liban.

Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,

soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;

soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.

9 Ou m bat pi vit mwen, fi maryaj mwen an;

ou te m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,

ak yon sèl bout fisèl nan 4:9 Jen 41:42kolye ou.

10 4:10 Kan 7:6 A la bèl lanmou ou bèl, mwen an,

fi a maryaj mwen an!

A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven

e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!

11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;

siwo myèl ak lèt anba lang ou.

Bon odè vètman ou tankou 4:11 Jen 27:27bon odè Liban an.

12 Yon jaden fèmen ak kle se mwen,

fi a maryaj mwen;

yon jaden wòch ki fèmen,

yon fontèn dlo ki 4:12 Jen 29:3ansèkle.

13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,

ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;

14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,

ak tout bwa lansan yo, 4:14 Sòm 45:8 lami ak lalwa,

ansanm ak tout meyè kalite epis yo.

15 Ou menm se yon sous jaden,

yon pwi 4:15 Za 14:8dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.

Jenn Fi an

16 Leve, o van nan a, e vini van nan sid!

jaden mwen respire ak souf bon odè;

kite epis li yo vante gaye toupatou.

Ke cheri mwen an vin nan jaden li an

pou manje tout fwi chwa li yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também