Pular para o conteúdo
Publicidade

Kantik A Kantik Yo 5

Salomon

1 Mwen te vini nan jaden mwen an, mwen,

fi a maryaj mwen an.

Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen.

Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen;

mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen.

Lòt Yo

Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!

Jenn Fi a

2 Mwen t ap dòmi, men m t ap veye.

Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la:

"Ouvri pou mwen, mwen, cheri mwen an,

toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze,

5:2 Kan 5:11 très cheve mwen ak imidite nwit lan.

3 Mwen te 5:3 Luc 11:7fin retire rad mwen;

kijan pou m ta remete l ankò a?

Mwen te lave pye mwen;

kijan pou m ta vin sal yo ankò a?

4 Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la.

Tout 5:4 Jr 31:20santiman m te leve pou li.

5 Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an.

Men m te 5:5 Kan 5:13degoute menm ak lami,

e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.

6 Mwen te ouvri a cheri mwen an,

men cheri mwen an te 5:6 Kan 6:1vire kite pou l ale!

m te sòti l te pale a.

Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li.

Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.

7 5:7 Kan 3:3 Gadyen ki te tou vil la te twouve mwen.

Yo te bat mwen.

Yo te blese mwen.

Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.

8 "M ap 5:8 Kan 2:5avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l;

ke mwen malad ak lanmou."

Lòt Yo

9 "Ki jan cheri ki cheri ou a,

sinon pi bèl pami fanm yo?

Ki jan cheri ki cheri ou a,

pi bon pase lòt,

ke ou ta nomen non l devan nou konsa?"

Jenn Fi a

10 Cheri mwen an mèvèye,

yon figi wouj ranpli ak sante,

k ap 5:10 Sòm 45:2 parèt miyò pami di-mil.

11 Tèt li tankou , san tach;

5:11 Kan 5:2 très cheve li tankou grap rezen

e nwa tankou kòbo.

12 Zye li tankou toutrèl

akote dlo k ap koule,

ki benyen nan lèt,

ki monte kon bijou akote yon 5:12 Egz 25:7 basen dlo.

13 De figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik,

kap poze sou yon kouch zèb santi bon.

Lèv li yo se flè 5:13 Kan 2:1 lis ki degoute dlo lami.

14 Men li se wondèl fèt an ,

anbeli ak bijou beril.

li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.

15 Janm li se pilye fèt an mèb blan,

plase sou yon baz san tach;

aparans li tankou 5:15 Kan 7:4chwa Liban an,

kon pi bèl bwa sèd li.

16 Bouch li plen ak dousè.

Li dezirab nèt.

Sa se cheri mwen an,

e sa se zanmi mwen an,

o fi Jérusalem yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também