Publicidade

Cânticos 2

Jenn Fi An

1 Mwen se flè Woz Saron an,

flè Lis a vale yo.

Salomon

2 Tankou yon flè lis pami pikan yo,

se konsa cheri mwen an ye

pami tout jenn fi yo.

Jenn Fi an

3 Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè,

se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.

Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;

konsa fwi li te dous nan gou m.

4 Li te mennen m nan gwo sal bankè li,

e drapo li monte sou mwen an se lanmou.

5 Ban m fòs ak gato rezen,

rafrechi m ak pòm,

akoz mwen malad ak lanmou.

6 Kite men goch li rete anba tèt mwen

ak men dwat li pou l anbrase m.

7 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

nan non antilòp ak bich mawon an,

pou nou pa fè lanmou m leve,

ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.

8 Koute! Men cheri mwen an!

Men l ap vini!

L ap monte sou mòn yo,

epi vòltije sou kolin yo!

9 Cheri mwen an tankou yon antilòp,

oswa yon jenn sèf.

Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;

l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.

10 Cheri mwen an te reponn mwen

e te di m: "Leve vini cheri mwen an,

pi bèl mwen an.

11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,

lapli fin pati nèt.

12 Flè yo deja parèt nan peyi a;

tan an chante a fin rive!

Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.

13 Fwi pye fig etranje a fin mi,

e chan rezen yo bay odè pafen.

Leve vini, annou pati!"

Salomon

14 O toutrèl nan fant wòch mwen an,

nan kote sekrè chemen ki monte apik,

kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou!

Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.

15 Kenbe rena yo pou nou,

ti rena k ap detwi chan rezen yo,

paske chan nou yo ap fè flè.

Jenn Fi an

16 Cheri mwen an se pa m,

e mwen se pa l.

Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.

17 Jiskaske joune a vin fè fre

lè lonbraj yo kouri ale;

vire, cheri mwen an,

fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

Veja também

Publicidade
Cânticos
Ver todos os capítulos de Cânticos
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-15_21-32-39-