13 E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem. 14 Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt. 15 Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo. 16 Men 24:16 Luc 24:31zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li. 17 Li te di yo: "Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?" 18 Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: "Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?"
19 Li te di yo: "Ki bagay"? Epi yo te di Li: "Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la. 20 Kijan chèf prèt yo avèk 24:20 Luc 23:13dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li. 21 Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè 24:21 Luc 1:68redanmsyon Israël a. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt. 22 Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. 24:22 Luc 24:1Lè yo te nan tonm nan bonè maten an, 23 epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan. 24 Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L."
25 Konsa, Li te reponn yo: "O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan 24:25 Mat 26:24tout sa ke pwofèt yo te pale yo; 26 24:26 Luc 24:7-44Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?" 27 Answit, Li te kòmanse avèk 24:27 Jen 3:15Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
28 Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li 24:28 Mc 6:48te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
29 Men yo te ankouraje Li, e te di L: "Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini." Konsa, Li te antre pou rete avèk yo. 30 Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te 24:30 Mat 14:19beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li. 31 Answit 24:31 Luc 24:16zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo. 32 Yo te di youn ak lòt: "Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li 24:32 Luc 24:45t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?"