Pular para o conteúdo
Publicidade

Luc 5

1  5:1 Mat 4:18-22 Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la. 2 Li te wè de kannòt ki te twouve akote lak la, men moun lapèch yo te deja desann yo, e t ap lave filè yo. 3 Li te 5:3 Mat 13:2antre nan youn nan kannòt yo ki te pou , e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.

4 Lè Li te fin pale, Li te di : "Mete nou deyò nan dlo fon e5:4 Jn 21:6lage filè yo pou kenbe pwason."

5  te reponn pou di L: 5:5 Luc 8:24"Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo."

6  5:6 Jn 21:6 Lè yo te fin fè sa, yo te pran yon gwo kantite pwason. Filè yo te tanmen chire. 7 Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.

8 Men lè Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: "Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!" 9 Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe. 10 Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk te sezi tou.

Jésus te reponn :5:10 Mat 14:27 "Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe." 11 Lè yo te fin fè kannòt yo rive atè, 5:11 Mat 4:20-22yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.

12  5:12 Mat 8:2-4 Pandan Li te nan youn nan vil yo, gade byen, te gen yon nonm ki te kouvri avèk lalèp. Lè l te wè Jésus, li te tonbe sou figi li, e li te enplore Li: "Senyè, si Ou vle, Ou kapab fè m pwòp."

13 Li te lonje men L, e te touche li. Li te di: "Mwen vle. Vin pwòp." Imedyatman, lalèp la te kite li. 14 Li te kòmande li pou pa di pèsòn sa: "Men ale5:14 Lev 13:49montre ou menm a prèt yo, e fè yon ofrann pou netwayaj ou, jan Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm."

15 Men 5:15 Mat 9:26nouvèl sou Li t ap gaye menm pi lwen. Gwo foul moun t ap rasanble pou tande Li, e pou geri de maladi yo. 16 Men Jésus Li menm, te konn souvan chape ale nan dezè a pou5:16 Mat 14:23priye.

17 Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te 5:17 Mc 1:45sòti nan chak vilaj Galilée, ak Jérusalem. Konsa, 5:17 Mc 5:30pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.

18  5:18 Mat 9:2-8 Kèk moun t ap pote sou yon kabann, yon nonm ki te paralize. Konsa, yo t ap eseye fè l antre pou mete l devan L. 19 Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.

20 Lè L te wè lafwa yo, Li te di: "Mesye, peche ou yo padone".

21 Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: 5:21 Luc 7:49"Ki moun sa k ap blasfeme konsa? 5:21 És 43:25Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?"

22 Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: "Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa? 23 Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’? 24 Men pou nou kab konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo," li te di a paralitik la: 5:24 Mat 4:24"Mwen di ou leve, pran kabann ou e ale lakay ou."

25 Lapoula nonm nan te leve devan yo, ranmase nat li, e li te ale lakay li 5:25 Mat 9:8ranpli avèk lwanj Bondye.

26 Yo tout te sezi, etone menm, e 5:26 Mat 9:8t ap bay Bondye glwa. Yo te ranpli avèk lakrent, e t ap di: "Nou wè bagay ki tèlman remakab jodi a".

27  5:27 Mat 9:9-17 Apre sa, Li te sòti deyò e li te wè yon ajan kontribisyon ki te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: "Swiv Mwen". 28 Konsa,li te 5:28 Luc 5:11kite tout bagay dèyè, e te leve swiv Li.

29  5:29 Mat 9:9 Lévi te fè yon resepsyon pou Li lakay li. Yo te gen yon gwo 5:29 Luc 15:1foul kolektè kontribisyon avèk lòt moun ki t ap manje sou tab la avèk yo. 30 5:30 Mc 2:16Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: "Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?"

31 Jésus te reponn e te di yo: 5:31 Mat 9:12,13"Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo." 32 Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.

33 Yo te di Li: 5:33 Mat 9:14"Disip a Jean yo souvan fè jèn e fè lapriyè; disip a Farizyen yo fè menm jan an. Men pa Ou yo, manje e bwè."

34 Jésus te di yo: "Nou pa kapab fè zanmi fèt maryaj yo fè jèn pandan jennonm maryaj la toujou avèk yo. Èske se pa vrè? 35 5:35 Mat 9:15Men jou yo ap vini lè jennonm nan ap kite yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo."

36 Li t ap di yo yon parabòl: "Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a. 37 Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate. 38 Men diven nèf la oblije vide nan po fèt avèk kwi nèf. 39 Epi pèsonn, lè l fin bwè sa ki ansyen, pa janm vle nèf la, paske li di: ‘Vye a pi bon’".

Pessoa
G4074
Pedro
ΠέτροςPétrosכֵּיפָאkeyfa
Pedro, chamado Simão, pescador da Galileia, foi um dos doze apóstolos; confessou Jesus como o Cristo, negou-o três vezes e depois pregou no Pentecostes (Mateus 16:16).
Significado: “Pedra, rocha”
Ver página completa
Pessoa
G4074
Pedro
ΠέτροςPétrosכֵּיפָאkeyfa
Pedro, chamado Simão, pescador da Galileia, foi um dos doze apóstolos; confessou Jesus como o Cristo, negou-o três vezes e depois pregou no Pentecostes (Mateus 16:16).
Significado: “Pedra, rocha”
Ver página completa
Pessoa
G4074
Pedro
ΠέτροςPétrosכֵּיפָאkeyfa
Pedro, chamado Simão, pescador da Galileia, foi um dos doze apóstolos; confessou Jesus como o Cristo, negou-o três vezes e depois pregou no Pentecostes (Mateus 16:16).
Significado: “Pedra, rocha”
Ver página completa
Pessoa
G4074
Pedro
ΠέτροςPétrosכֵּיפָאkeyfa
Pedro, chamado Simão, pescador da Galileia, foi um dos doze apóstolos; confessou Jesus como o Cristo, negou-o três vezes e depois pregou no Pentecostes (Mateus 16:16).
Significado: “Pedra, rocha”
Ver página completa
Pessoa
G4074
Pedro
ΠέτροςPétrosכֵּיפָאkeyfa
Pedro, chamado Simão, pescador da Galileia, foi um dos doze apóstolos; confessou Jesus como o Cristo, negou-o três vezes e depois pregou no Pentecostes (Mateus 16:16).
Significado: “Pedra, rocha”
Ver página completa
Pessoa
G4074
Pedro
ΠέτροςPétrosכֵּיפָאkeyfa
Pedro, chamado Simão, pescador da Galileia, foi um dos doze apóstolos; confessou Jesus como o Cristo, negou-o três vezes e depois pregou no Pentecostes (Mateus 16:16).
Significado: “Pedra, rocha”
Ver página completa
Lugar Bíblico
Região / Território
Judeia
Hoje: Judeia (Sul de Israel)
ἸουδαίαIoudaiaיְהוּדָהyehudah
Judeia é a terra onde fica Belém, cidade em que Jesus nasceu no tempo do rei Herodes. Pôncio Pilatos era governador da Judeia, e ali os judeus procuravam matar Jesus (Mateus 2:1).
31,78° N, 35,23° L
Citado em 52 versículosTb.: Judéia
Ver página completa
Todos os capítulos de Luc 24
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.